WACHINTONN – Jodi a, ministè lajistis te anonse yon akò règleman avèk lekòl piblik Newark yo pou mete yon bout nan ankèt ministè a sou pwogram, distrik eskolè a pou elèv li yo k ap aprann anglè. Akò a mete yon bout nan ansyen pratik ak depi lontan distrik lan ki vize pou retire elèv pwogram aprantizaj anglè yo avan yo pale lang sa byen. Distrik la te aksepte amelyore sèvis yo pou elèv k ap aprann anglè pou yo kapab gen aksè ak menm opòtinite edikativ menm jan ak lòt elèv lekòl piblik Newark yo.
Ankèt plizyè ane ministè a te montre gwo mankman nan sa ki konsène sèvis pou elèv k ap aprann anglè yo. Depatman an te dekouvri distrik la pa t reyisi bay ase anseyan kalifye travay epi kenbe yo pou yo soutni pwogram li an, sa ki te gen kòm konsekans yon tan edikasyon ki limite pou kèk elèv, epi pou lòt yo, pa gen okenn sèvis lengistik ditou. Divizyon dwa sivil yo ak biwo pwokirè Etazini an pou distrik New Jersey a te ankete selon lalwa 1974 la sou egalite chans yo nan sa ki gen pou wè ak edikasyon.
“Distrik eskolè yo dwe bay sèvis efikas ak moun k ap aprann anglè yo, sa k ap pèmèt tout elèv yo kapab reyalize pwòp rèv ameriken yo”, se sa asistant pwokirè jeneral la Kristen Clarke, pou divizyon dwa sivil yo nan ministè lajistis te deklare. “Nou pral kontinye batay pou asire respè lwa federal nou yo sou dwa sivil yo, tout pandan n ap defann dwa chak elèv ak egalite chans yo nan sa ki konsène edikasyon nan tout peyi a. Obligasyon total akò sa sou règleman an pral kreye yon chanjman dirab epi pral bay aksè ak edikasyon ak plizyè milye elèv k ap aprann anglè nan Newark”.
“Biwo nou an ap soutni avèk fòs dwa sivil tout etidyan yo, ak sa ki ap aprann anglè yo”, se sa Rachael A. Honig, pwokirè ameriken pwovizwa pou distrik New Jersey a te deklare. “Nou kontan Konsèy Edikasyon Newark la te aksepte pran an chaj san rezèv obligasyon li an pou reponn ak bezwen lengistik moun pa li yo k ap aprann anglè epi rezoud gwo vyolasyon lwa federal yo te dekouvri pandan ankèt sa. Nou pral kontinye mande kont ak distrik eskolè yo ak lòt òganizasyon edikativ, sa k ap pèmèt tout elèv New Jersey yo benefisye yon aksè san fòs kote ak opòtinite edikativ yo”.
Ministè Lajisits pral siveye jan akò règleman distrik la pral kòmanse pandan pou pi piti twa ane eskolè konplè, jiskaske distrik la konfòme l ak obligasyon li yo an antye.
Nòt : Yon kopi konplè akò règleman an kapab konsilte isit la an anglè.
Kominike pou laprès sa disponib tou an espanyòl, pòtigè, kreyòl ayisyen ak fransè.
Aplikasyon lalwa 1974 la sou egalite chans yo nan sa ki konsène edikasyon se yon priyorite total pou Divizyon dwa sivil yo ak biwo pwokirè Etazini an pou distrik New Jersey a. Enfòmasyon anplis yo sou Divizon dwa sivil yo pou ministè Lajisits disponib sou sit wèb li an nan adrès www.justice.gov/crt, ak enfòmasyon anplis yo sou travay Seksyon opòtinite edikativ yo disponib nan adrès https://www.justice.gov/crt/educational-opportunities-section. Manm piblik yo kapab siyale vyolasyon dwa sivil pwobab yo nan adrès https://civilrights.justice.gov/report/oswa nan biwo pwokirè a pou distrik New Jersey nan adrès http://www.justice.gov/usao-nj/civil-rights-enforcement/complaint oswa rele liy asistans telefonik la pou dwa sivil yo nan biwo pwokirè a nan (855) 281 – 3339.
Official news published at https://www.justice.gov/opa/pr/depatman-jistis-etabli-ak-lek-l-piblik-newark-pou-pwoteje-el-v-k-ap-aprann-angl-yo-0